Video de: Cheri Map Filew Lyrics Kreyol La » Afro Fox.MusicaDe.Win

Bienvenidos a Fox.MusicaDe.Win Disfruta del Video de: Cheri Map Filew 2025 Kreyol La » Afro y comparte musicas con los amigos, Musica Gratis 2025! Fox.MusicaDe.Win!.

Video de: Cheri Map Filew Lyrics Kreyol La » Afro

Kreyol La - Cheri Map Filew Lyrics


Gen nèg ki kwè nan lajan
E pou yo anyen lòt pa enpòtan
San cham et san respè
Pou yo la femme se yon objè
Yo file fanm nenpòt kijan
Yo ofri sa yo pa posede
E si jamè sa pa mache
Yo joure, yo babye, yo tire pye

Pa vin skini dan w la a non

Monte nivo a
Yeah, yeah
Gwo bout konpa
Epi epi

A l di?
Cheri m ap file w pou fè m konnen si m ap bon (rpt)

S on egwi
O wi yo prete leta kòb, yo asosye nan palman an
Vakabon

Si m bon
M ap ba ou kay - sa l di
M ap ba ou machin - sa l bay
M ap fè w jwenn viza - sa l di
Consul la se kouzen m - sa l bay
M ap ba w djob nan leta - sa l di
W ap gen machin a sirèn - sa l bay
Tanzantan pou kenkeng - sa l di
Oubyen pou konkong - sa l bay

Woy fout se

Oh ou konnen m sezi
Hein gwo soulye, konsa w te ye la a?
La pa la w, al fè l lwen

Cheri m ap file w pou fè m konnen si m ap bon (rpt)

Cheri m pral fè yo rayi w nan Pòtoprens
M ap ba w on koulè machin pou chak koulè rad w ap mete
Bon ou wè? Bon chak jedi m ap met 10 mil dola Ameriken sou kanè w
Pa di m mèsi non
On bon 10 ou gen nan men w la wi

Men cheri, ou wè si m pa bon
Wa woule bogota - sa l di
Dèfwa taksi moto - sa l bay
Pou je w ap kouri dlo - sa l di
Cheve w ap pran pann stidyo - sa l bay
W a mache prete - sa l di
Dwe machann Pap Padap - sa l bay

Gwo soulye, fanm pa egare
Pa pran fanm pou egare tande
Medam yo si m ap byen pale la a, ban m lòv la

Ici Kreyòl La, la différence et la référence en matière de compas

Cheri Map Filew » Kreyol La Letras !!!
Esta web no aloja ningun archivo mp3©Fox.MusicaDe.Win 2025 Colombia - Chile - Argentina - Mexico. All Rights Reserved.

Musica Online, Escuchar musica online , Musica En Linea, Musica en linea gratis, Escuchar Musica Gratis, Musica Online 2025, Escuchar Musica

Musica 2025, Musica 2025 Online, Escuchar Musica Gratis 2025, Musica 2025 Gratis, Escuchas, Musica de Moda.