Video de: Generasyon Lyrics The Alchemist » Hip Hop Fox.MusicaDe.Win

Bienvenidos a Fox.MusicaDe.Win Disfruta del Video de: Generasyon 2025 The Alchemist » Hip Hop y comparte musicas con los amigos, Musica Gratis 2025! Fox.MusicaDe.Win!.

Video de: Generasyon Lyrics The Alchemist » Hip Hop

The Alchemist - Generasyon Lyrics



Generasyon Lyrics[Pawòl de Generasyon]

[Entwo]
Generasyon an, nou fè yon tou bis, ann boule jou a
94 !

[Vès inik]
M te gen non mwen ekri anba pye m lè m te lekòl Anglade
Toyota Hilux la balè wouze Nazon, se pa t blag
Generasyon an nou fè yon tou bis, an nou boule jou a
Sa w konnen de sigarèt ak pat mantolè ?
(Se pa sa)

Generasyon l pèdi vijinite l epi l tou ansent
2004, m te vle yon 64 avèk Killer Instinct
Premye fwa ke mwen te pran nan gaz, m pa t nan sètifika
Alepòk Don Kato t ap bat elèv, se t an 2003

Rockfam agoch
Barickad adwat
Pou yon mouchwa nan pòch
Lapolis kanpe m, fouye m, pouse m, tout sa anplen Chanmas
Mwen te lekòl Anténor Firmin, m te sib elèv Alpha
Te gen rimè ke gen kidnapè ki te lekòl Alpha

Eske w konn depi kilè kamyonèt pa kanpe pou nou ?
Pou sa lè n monte nou pa peye, pou sa m konn plake tou
Eske w konn istwa elèv Jean Jacques ki te touye yon pwofesè ?
Generasyon : "Pap la ki mete n nan sa, se yon pwofesi"

Se kay IZO, ke anpil minè konnen sa k lavi gason
Malerezman pou pifò nan yo, yo fè l move fason
Mwen sonje tout kanpay legliz te fè pou n rayi vodou
Ede pa temwanyaj "San Rancune", se te de vre voutou

Mwen sonje lè yo t ap charye mwen paske mwen te twò nwa
Po chabon, bouda chodyè, plake bòl, fènwa, eksetera
Sa pa t janm vrèman touche m, malgre yo t ap rele m konsa
Men lè yo te mete m deyò Labeille, mwen te panse sa

Papa m te konn frape mwen trè fò, se te vrèman bètyal
Troma yo, menm si m ta dyaspora, rete san pou san lokal
Mwen konn yon papa k koupe dwèt pitit li pou l pa vòlè
Yon manman k ap tate pitit fi l paske l fè l twò bònè

Mwen konn yon manman k te bat pitit li pou l pran yon granmoun
Generasyon, depi w pase 9yèm zanmi ou granmoun
Generasyon rap ou chansonèt, nou pa t twò fan konpa
Paske lèt la te genyen twòp kafe, e n pa t gen kòb pou bal

Generasyon pa janm prete paran w lajan, l pa p remèt
Se tankou politisyen ak bwat leta, ou ka fè pèt
Generasyon Amiot Métayer, 2Pac ak Billy
Generasyon k te panse sa tap chanje ak Aristide
94 !

Generasyon an nou f'on tou bis, an nou boule jou a

Generasyon l pèdi vijinite l epi l tou ansent

Generasyon an nou f'on tou bis, an nou boule jou a

Generasyon : "Pap la ki mete nou nan sa, s on pwofesi"

Generasyon k te panse sa tap chanje ak Aristide

Generasyon » The Alchemist Letras !!!

Videos de The Alchemist

Esta web no aloja ningun archivo mp3©Fox.MusicaDe.Win 2025 Colombia - Chile - Argentina - Mexico. All Rights Reserved.

Musica Online, Escuchar musica online , Musica En Linea, Musica en linea gratis, Escuchar Musica Gratis, Musica Online 2025, Escuchar Musica

Musica 2025, Musica 2025 Online, Escuchar Musica Gratis 2025, Musica 2025 Gratis, Escuchas, Musica de Moda.