Video de: On Jou Byen On Jou Mal Lyrics Kreyol La » Afro Fox.MusicaDe.Win

Bienvenidos a Fox.MusicaDe.Win Disfruta del Video de: On Jou Byen On Jou Mal 2025 Kreyol La » Afro y comparte musicas con los amigos, Musica Gratis 2025! Fox.MusicaDe.Win!.

Video de: On Jou Byen On Jou Mal Lyrics Kreyol La » Afro

Kreyol La - On Jou Byen On Jou Mal Lyrics


Diferans ant mwen avè w
Sèke mwen pale ak bouch
Ou menm ou pale ak kè w
Sa kreye yon klach ki toujou la
E k ap mine lavi m avè w
Tout sa mwen di pou jwe
Ou menm ou pran l twò serye
Ou fin chite tande
Epi w kenbe pati ou vle
Lanmou m avè w se konsa

Yon jou byen, yon jou mal
Oh, oh, yon lago kite ak tounen
Yon jou byen, yon jou mal
Oh, oh, n evante rezon pou n goumen
Yon jou byen, yon jou mal
Oh, oh, men lè n tounen nou pi renmen

Diferans ant mwen avè w
Sèke mwen panse ak tèt
Ou menm ou panse ak kè ou
Li kite yon tach ki toujou la
E ki make lavi m avè w
Sa mwen ka wè tou pre
Ou menm ou pran l nan syèl w ale
Jan pa w w intèprete l
Ak senaryo ou imajine
Men lanmou m avè ou se konsa

Yon jou byen, yon jou mal
Oh, oh, yon lago kite ak tounen
Yon jou byen, yon jou mal
Oh, oh, n evante rezon pou n goumen
Yon jou byen, yon jou mal
Oh, oh, men lè n tounen nou pi renmen

Men istwa mwen avè w se yon seri k pap janm fini

Hola hola, m pale ak on moun wi la a
Mwen avè w
M ap ri nan kè m, w ap ri nan kè ou
Mwen avè w se konsa
Ha ha ha ha ha ha

Lanmou nou

Lanmou nou s on boule
Li fè n dous, li fè n mal
Istwa nou fèt jan pa l, e ekri lamoral

Ou ou dous
Mwen mwen dous
Ou ou dous
N ap kenbe l dous nèt
Ey ey

Lanmou nou s on boule
Li fè n dous, li fè n mal
Istwa nou fèt jan pa l, e ekri lamoral

Yon jou byen - On jou, on jou byen
Yon jou mal - On jou, on jou mal
Mwen avè w

Yon jou byen, yon jou mal
Oh, oh, yon lago kite ak tounen
Yon jou byen, yon jou mal
Oh, oh, n evante rezon pou n goumen
Yon jou byen, yon jou mal
Oh, oh, men lè n tounen nou pi renmen
Yon jou byen, yon jou mal
Oh, oh, yon lago kite ak tounen
Yon jou byen, yon jou mal
Oh, oh, n evante rezon pou n goumen
Yon jou byen, yon jou mal

On Jou Byen On Jou Mal » Kreyol La Letras !!!