Video de: Fkd Lyrics Zenglen » Afro Fox.MusicaDe.Win

Bienvenidos a Fox.MusicaDe.Win Disfruta del Video de: Fkd 2025 Zenglen » Afro y comparte musicas con los amigos, Musica Gratis 2025! Fox.MusicaDe.Win!.

Video de: Fkd Lyrics Zenglen » Afro

Zenglen - Fkd Lyrics


Pafwa nou pran lanmou pou jwèt san w pa rannkont li tounen on frèt
Si w tande mizik sa ou gen on chans m pral evite w yon move eksperyans
M anvi yon fi men se pa lanmou mwen gen pou li
Men pou m fè l aksepte m mwen di l sa vle tande
Tonbe pou li, se dènye bagay mwen ta swete – epi se sak rive

Tel est pris qui croyait prendre li pa janm twò ta pou w aprann
Lè metye w se mache bay kou, gon w lè victim nan se pral ou
Moman foli, se nan zin lanmou m te gentan pri
De semèn ap pase, manzèl pa janm rele
Kè m chavire, se nan reflechi m reyalize - Mwen pran nan FKD

Mesyedam map bann yon ti konsèy pa di se pawòl anpil
Feeling son w bagay ki san parèy tèlman li frajil
Bon jènjan, bon flannè, se galan, lanmou pa janm frape pòt
Si m te konn panse konsa avan mwen pa tap pran nan FKD

Sa m ap fè la?
Sa w ap fè la? Te kwè m te di w entèl son w limyè wouj
Huh? Se sa w te vle di, m pat konprann
Se pou w te tande
Men djaz Ayisyen pa negosye a, leve de menn anlè, Ayiti nap vini

Depose konpa
Vipip senti l kase, sou kisa?
Sou bisiklèt –yo te pale w
Ann tande sa yo di la

Se konsa bagay yo ye
Lè limyè wouj fòw kanpe pou w pa pran nan FKD
Don’t cry baby don’t cry
Yo di w mond sa son w limyè wouj, zanmi poze

Bèl lanmou tonbe, de semèn pase, manzèl pa rele – ou pran nan FKD
Ou gentan damou tankou moun fou, lanmoun plen tèt ou – monchè ou blaze
Ou fèk akouche, ou gen w ti bebe li pa gen papa – ou pran nan FKD
Ou dekontwole ou debousole men l gentan twò ta – baby ou fware

Se konsa bagay yo ye
Lè limyè wouj fòw kanpe pou w pa pran nan FKD
Don’t cry baby don’t cry
Yo di w mond sa son w limyè wouj, zanmi poze

Anmwey Zenglen soti pou l dejwe m wi
Chire djaz la, chire djaz la
Helo BS ou pa wè Gamax pou mwen
Depose konpa

Ebyen Richie fòw eksplike sak FKD a wi
Nou ka jere ti sa baby Fe, check it

F la se fin, nou pa ka di K gen timoun la
D a demake, li fin konnen l demake

Bèl lanmou tonbe, de semèn pase, manzèl pa rele – ou pran nan FKD
Ou gentan damou tankou moun fou, lanmoun plen tèt ou – monchè ou blaze
Ou fèk akouche, ou gen w ti bebe li pa gen papa – ou pran nan FKD
Ou dekontwole ou debousole men l gentan twò ta – baby ou fware

F la se fin, nou pa ka di K gen timoun la
D a demake, li fin konnen l demake

Fkd » Zenglen Letras !!!

Videos de Zenglen

Esta web no aloja ningun archivo mp3©Fox.MusicaDe.Win 2025 Colombia - Chile - Argentina - Mexico. All Rights Reserved.

Musica Online, Escuchar musica online , Musica En Linea, Musica en linea gratis, Escuchar Musica Gratis, Musica Online 2025, Escuchar Musica

Musica 2025, Musica 2025 Online, Escuchar Musica Gratis 2025, Musica 2025 Gratis, Escuchas, Musica de Moda.