Video de: Pwazon Feat Troubleboy Hitmaker Lyrics Harmonik » Lyrics Fox.MusicaDe.Win

Bienvenidos a Fox.MusicaDe.Win Disfruta del Video de: Pwazon Feat Troubleboy Hitmaker 2025 Harmonik » Lyrics y comparte musicas con los amigos, Musica Gratis 2025! Fox.MusicaDe.Win!.

Video de: Pwazon Feat Troubleboy Hitmaker Lyrics Harmonik » Lyrics

Harmonik - Pwazon Feat Troubleboy Hitmaker Lyrics


Ou son manje an pwazonnen
Ki gou nan bouch mwen
Yon lanmou ak kè plen
Ki vle banm kè tounen
M anvi pouse w m anvi jete w
Menm vle w ret sou mwen

Ou rayi m m renmen w
Se tout sam santi anndan kè mwen
Ou pran kè m ou rache l
Mete l dòmi nan seren
Nan fè mwen mal
Ou pran plezi
Ou pa janm fennen

Ou pran tout tan w
Ou pran san w
Pou ou ka fèm lapèn,
Ou bliye sa w ye pou mwen
Epi w derefize
Ou pa vle pou n fè lapè Oooohh
M pa konn kisa pou m ta bay ankò

Pase tout tan ap batay
Pou nou pa viv an pè
Ou bliye sa w ye pou mwen
Epi w derefize
Ou pa vle pou n fè lapè, oooohh
M pa konn kisa pou m ta fè ankò

Ti krik ti krak
Ou byen boude
Se la w pran tout vi m
Achiv ou byen Monte
Pou w toujou jwe wòl viktim
Se byen domaj
Ou pa ka wè se ou kap fè krim ohhhw

Ou pran tout tan w
Ou pran san w
Pou ou ka fèm lapèn,
Ou bliye sa w ye pou mwen
Epi w derefize
Ou pa vle pou n fè lapè Oooohh
M pa konn kisa pou m ta bay ankò

Pase tout tan ap batay
Pou nou pa viv an pè
Ou bliye sa w ye pou mwen
Epi w derefize
Ou pa vle pou n fè lapè, oooohh
M pa konn kisa pou m ta fè ankò

-Troubleboy-
Ou bliye sa w ye pou mwen
M pat atann
Mwen m konn sa m ye pou ou
M pa konprann
Ou dim ou pa care
Tout sam diw ou pa kwè
Men en réalité m konfonn

Ou fè m konfonn jwa ak tristès
Paske lè m kote w fache
M avè w m pou kò m
Paske kontantman w kache
Epi marye ak tris fè tan w
Paske tout sa m di w fache
M anvi kite w m pa kapab
Paske kè m ap rache

M pa bezwen pri m peye lòv
Renmen ebyen m peye pri a
Kite w kraze kè m
Lanmou m ba ou piyay
M gade jan w ap viv avèm
M di banm solo
Bagay sa ap sakaje m
Nicky banm solo

Ou son pwazon pou mwen
Ou son pwazon pou mwen
Ou son pwazon pou mwen
(Nicky banm solo)

Ou se maladi mwen
Maladi mwen ooooh
E medikaman m an menm tan
An menm tan
Maladi mwen ooooh
E medikaman m an menm tan
An menm tan

Ou tankou yon kleren
Menm sim konnen w pral
Banm tèt fè mal
Fò m bwè w kanmèm

Yon manje gate
Menm sim konnen w pral
Banm vant fè mal
Fò m pran w kanmèm
Cheri ou se maladi mwen

Ou se maladi mwen
Maladi mwen ooooh
E medikaman m an menm tan
An menm tan
Maladi mwen ooooh
E medikaman m an menm tan
An menm tan

Ou tankou yon kleren
Menm sim konnen w pral
Banm tèt fè mal
Fò m bwè w kanmèm

Yon manje gate
Menm sim konnen w pral
Banm vant fè mal
Fò m pran w kanmèm

Pwazon Feat Troubleboy Hitmaker » Harmonik Letras !!!
Esta web no aloja ningun archivo mp3©Fox.MusicaDe.Win 2025 Colombia - Chile - Argentina - Mexico. All Rights Reserved.

Musica Online, Escuchar musica online , Musica En Linea, Musica en linea gratis, Escuchar Musica Gratis, Musica Online 2025, Escuchar Musica

Musica 2025, Musica 2025 Online, Escuchar Musica Gratis 2025, Musica 2025 Gratis, Escuchas, Musica de Moda.