Video de: Eneji Nou Sanble Lyrics Zafem » Lyrics Fox.MusicaDe.Win

Bienvenidos a Fox.MusicaDe.Win Disfruta del Video de: Eneji Nou Sanble 2025 Zafem » Lyrics y comparte musicas con los amigos, Musica Gratis 2025! Fox.MusicaDe.Win!.

Video de: Eneji Nou Sanble Lyrics Zafem » Lyrics

Zafem - Eneji Nou Sanble Lyrics


Mwen te konnen nou te soude
Menm lè n te de etranje
Li te klè ke nou pral pataje
Yon bagay serye

M pat bezwen wè loraj gwonde
Ret tann siyal yon mesaje
Pou m te konnen ke nou pral anbake
Nou se de nanm ki pare

Pa di m ekzajere
Pa sezi si yon jou m ta va di ou
Ou se ezakteman pòtre sila
Ki fè m kwè m ka fidèl

Son w okazyon ki prezante l
E mwen pa vle kou rate
Paske si mwen ta wè w nan bra yon lòt vivan
M konnen m ap malere

Bienvenue Felisite
Granmèt la rich an bonte vre
Si l lakòz je m ak je w kontre
Men m nan men w m ap danse
Nanpwen pi bèl bagay ke sa

Lanmou sa vle fè tèt mwen pati
Wete mwen nan lavi bay manti
Lanmou sa vle fè tèt mwen pati
Ayayay se pa pawòl manti

Manvi rete kote w rete
Pou n pran boulva a pou nou de
Tan an m ta rekòmanse
Kouri dèyè w pou nou jwe

Se pou di mwen lè w t ap leve
Ki kote w te konn ale
M anvi nou ale a de
Pou n al revizite

Lanmou sa vle fè tèt mwen pati
Wete mwen nan lavi bay manti
Lanmou sa vle fè tèt mwen pati
Ayayay se pa pawòl manti

M konnen w ka fè kèk eksperyans
Kontre ak lòt nèg san konpetans
Men w pa bezwen fè m retisans
Mwen konn bay fanm enpòtans

Ou pa ta kwè se ou m t ap tann
M rete tann ou ak pasyans
kè mwen te swap ou lontan
Li pran twòp dezè twòp savann

M pap eseye eseye konprann sak pase
Gon w fòs ki prann ki mennenn la
Mwen fè w konfyans menm si m poko wè l fè sans
Kot lanmou voye mwen mwen prale
Kot lanmou voye mwen mwen prale

Si w ta mande m eksplike
Sa ki ban mwen konfyans sa
Mwen konn plas mwen te rezève
Ansan viann te kouvri zo n kò n te mare
Enèji m avèk pa w sanble
Pa gen aza ni chans nan randevou womans

M pap eseye eseye konprann sak pase
Gon w fòs ki prann ki mennenn la
Mwen fè w konfyans menm si m poko wè l fè sans
Kot lanmou voye mwen mwen prale
Kot lanmou voye mwen mwen prale

Si w ta mande m eksplike
Sa ki ban mwen konfyans sa
Mwen konn plas mwen te rezève
Ansan viann te kouvri zo n kò n te mare
Enèji m avèk pa w sanble
Pa gen aza ni chans nan randevou womans

Eneji Nou Sanble » Zafem Letras !!!
Esta web no aloja ningun archivo mp3©Fox.MusicaDe.Win 2025 Colombia - Chile - Argentina - Mexico. All Rights Reserved.

Musica Online, Escuchar musica online , Musica En Linea, Musica en linea gratis, Escuchar Musica Gratis, Musica Online 2025, Escuchar Musica

Musica 2025, Musica 2025 Online, Escuchar Musica Gratis 2025, Musica 2025 Gratis, Escuchas, Musica de Moda.